GrowBook se... yon fomasyon biznis ki te pefeksyone an Ayiti, ki pataje yon metodoloji epwouve pou devlope ti biznis ak biznis tay mwayen ki reyisi. KONSEY PRATIK POU DEVLOPE BIZNIS: Antreprene endividyel kapab sevi ak sajes ki genyen nan GrowBook pou devlope biznis ki pi mi. Liv sa a se yon gid pou transfome yon jen antrepriz ki pa gen anpil lajan e ki depann konpletman de pwopriyete li a yon konpayi wobis ki gen yon ekip fo, pwofi kap grandi, ak kliyan ki fidel. Chak chapit oganize an seksyon pou konsiltasyon rapid ki entitile Kisa, Poukisa, Koman, ak E Kounye a? Liv sa a fasil ni pou konprann ni pou mete an pratik. Li kouvri tout aspe devlope yon biznis, epi li bay etap pou pran ki kle ak etid de ka ki reyel pou ilistre etap yo. YON FOMASYON BIZNIS DEZYEM NIVO: Nou pa te selman kreye GrowBook pou izaj endividyel, men pou sevi tou tankou tout yon pwogram anseyman pou fome moun nan biznis. Se yon kou dezyem nivo li ye ki fet pou konplimante lot pwogram fomasyon de baz. Venn senk (25) chapit GrowBook yo kapab adapte fasilman a kou pou fomasyon nenpot longe, e foma konsiltasyon rapid la pwopis pou moun kap fe diskisyon nan gwoup. Fomasyon sa a ap pi efikas si li jimle ak yon gid pesonel kap pouse moun mete sa yap aprann an pratik nan biznis pa yo. Pa gen okenn fre lisans ki bezwen peye pou sevi ak liv sa a. ENTEGRASYON AK MIKWO-FINANSMAN: Enstitisyon mikwo-finansman kapab sevi ak GrowBook pou ofri plis fomasyon antan yap devlope relasyon ak pi gwo kliyan yo. Kliyan kap ajoute plis kapital enteleksyel ap pi efikas nan fason yo sevi ak kapital finansye yap resevwa a, e ya tounen pi bon kliyan kap devlope biznis ki pi djanm, kap kreye plis anplwa, e kap sevi komin yo pi byen. Ou kapab mande ranseyman sou ki jan pouw sevi ak GrowBook nan oganizasyon paw la nan: info@creatingjobs.org"
Author: Evan Keller, Jennifer Pettie, Manny De La Vega, Grace John |
Publisher: Creating Jobs Inc |
Publication Date: Dec 30, 2015 |
Number of Pages: 318 pages |
Language: Haitian |
Binding: Paperback |
ISBN-10: 0996721657 |
ISBN-13: 9780996721653 |